Radio Lumière Live


Dial-up Connection?



rlumiere@radiolumiere.org

2234-0331 / 2234-3708

2940-1151 / 3934-2304

718-878-5339 / 617-910-3295


Haïti

Kondisyon yap vann pwodui alimantè yo nan Mache yo.

Kondisyon yap vann pwodui alimantè yo nan Mache yo.

La jounen Jodi, peyi dayiti ap fè fas kare ak divès kalite pwoblèm. Tankou : tranblemandetè, siklòn, gwo van, e dènye kou ki pou tiye koukou a se epidemi kolera a ki deja lakoz anpil anpil kretyen pèdi lavi yo nan tout depatman nan peyi a. alòs, sa nou sot site la a, se kèk nan katastwòf natirèl ki konn fè anpil dega.Men sepandan gen anpil lòt pwoblèm majè ke sosyete ayisyen an ap konnen nan dènye ane sa yo ke nou pa akòde okenn enpòtans ak yo. Ki fè nou menm inyore kantite viktim ke y’ap fè ojoulejou nan peyi a.

Nan sans sa, nou te fè yon ti kout pye rive nan yonn nan pi gwo mache zòn metropoliten an genyen, ki nan movèzeta ki se mache kwadèbosal. Kote pwodui alimantè ekspoze nan yon kondisyon ki pa reponn ditou ak prensip sanitè yo.

Avan n’ale pi lwen. Ann gade avè m’ etimoloji non mache sa a. Pa bò lakay pan ou ann Ayiti, yo atribiye mo bosal a yon endivi, yon sitiyasyon kelkonk lè moun sa gen yon move konpòtman ou byen lè aktivite yo fèt an dezòd. Eben se egzakteman sa nou konstate nan mache kwadèbosal kote machann yo ap vann pwodui alimantè yo nan yon sitiyasyon deplorab.

Kwadèbosal se yon mache ki twouve l’ nan sant komèsyal kapital la. Ki vle di anba lavil la, nan zòn lasalin. Nan mache sa a ou rankontre divès kalite moun : Madan sara : tout moun ki soti nan zòn pwovens yo, ki pote vin vann sa chak zòn pwodui ; Revandè se tout machann, gwo ou byen piti ki achte sa Madan sara yo pote pou y’al vann an detay. Ou jwenn tou divès lòt machann ki soti nan divès lòt mache nan zòn metropolitèn nan. Ki vin achte pou satisfè moun bò lakay yo. Konsa tou gen anpil lòt endividi ki toujou al ravitaye yo nan mache sa a, puiske se la yap jwenn pwodui yo a meyè mache.

Kwadèbosal akote matchac labou ki karakterize mache sa a, genyen movèzodè, pil fatra, salte tout kalite ki anpeche moun respire nan zòn sa a. Antouka se nan anviwonnman sa ke tout machann enstale machandiz yo, ki vle di tout sa yo gen pou vann. Pou kretyen vivan met nan vant yo (manje) tankou chou zepina, kawòt berejèn, kalalou, pòm de tè, mango, yanm, veritab, bannann, patat elatriye.

Gen yon ti panse ayisyen ki di : « Mikwòb pa touye Ayisyen » se nan sans sa a, majorite moun nan popilasyon an pran plezi achte tout sa yo jwenn pou yo met nan vant yo, san yo pa veye sou kalite, nan ki kondisyon yap vann sa yap achte yo.

 Nap pwofite raplew ke sa ka koute w trè chè e menm koute w lavi w si se konpòtman sa ou ta adopte «  ti moso lasante vin an premye pozisyon nan egzistans yon kretyen vivan e li depann an majè pati de sa w ap mete nan vant ou n’ap sonje nan tan lontan lè peyi dayiti te gen yon kawotchou l’ sou ray devlopman, Otorite nan leta yo te konn mete plizyè ajan sanitè nan tout mache, nan tout rakwen peyi a pou enspekte kalite , kouman ak ki kondisyon machann yo ap ofri popilasyon an pwodui alimantè yo.

Nan sans sa a, divès sitwayen nan popilasyon an ap poze tèt yo kesyon sa a : poukisa dirijan yo pa mete strikti nan mache yo ? yon mannyè pou fòse machann yo respekte prensip ijyenik yo ; epi fòme divès jèn nan tout zòn nan peyi a, anplwaye yo pou sipèvize mache yo, sa ki t’ap fasilite leta a, ede moun nan peyi a pwoteje sante yo, yon lò kote, diminye kantite moun ki pap travay nan peyi a.

Kesyon anpil mou nap poze, jiskilè n’ap genyen yon leta k’ap deside panche tout bon vre sou sò mas pèp la. Eske tou, n’ap lese tonbe tout bòn manyè yo nou te genyen nan tan lontan yo ?

Antouka, jwèt pou tout moun !

Fredel Jean

 Lire aussi : Biznis dlo, yon komès danjere

 

Verse of the Week

How much more severely do you think someone deserves to be punished who has trampled the Son of God underfoot, who has treated as an unholy thing the blood of the covenant that sanctified them, and who has insulted the Spirit of grace?

Hebrews 10:29