|
Biznis dlo, yon komès danjere.
Dlo, se yonn nan eleman nan la nati ki endispansab pou yon kretyen vivan, Ki vle di tout moun kap viv sou planèt tè a itilize l’ chak jou bondye mete, pou pase yon swaf, pou benyen, fè manje elatriye. Men dosye jodi a pa panche espesyalman sou dlo nou bwè, lè nou lari, oubyen lè nou lakay nou. Lajounen jodi, kontrèman a lontan, li pi fasil pou pase swaf ou sou pakou w, nan aktivite w, pliske gen divès antrepriz ki vini avèk yon pratik nan peyi a, kote yo vann dlo nan ti sachè, ak boutèy plastik.
Pou divès sitwayen nan sosyete a, se yon aktivite ki pèmèt anpil malere rantre degouden, k’ap fasilite yo reponn, pou piti, a yon bezwen primè.
Divès machann dlo, bò kote pa yo, presize aktivite vann dlo a, pa pèmèt yo viv kòrèkteman ; men sepandan yo oblije kreye yon fason pou yo viv, ojoulejou, puiske lamàn pa tonbe ankò.
Machann sa yo kontinye pou di biznis dlo a pa pwofitab tout tan, men peryòd chalè, moman lekòl, yo manje ak grès.
Nan tout peyi nòmal kote dwa timoun respekte, Otorite Etatik yo ba tèt yo misyon, akonpanye tout timoun ki pa jwenn sipò paran, timoun ki lage nan lari a de bra balanse. Se yon fason poun di w, nan aktivite vann dlo a, gen divès tiomoun ki poko gen 18 tan k’ap degaje yo, pou ta asire lamanjay yo ojoulejou, pèmèt yo jwenn moso ledikasyon.
Komès dlo a se yon aktivite ki pèmèt vrèman plizyè moun ki pa t’ap travay jwenn yon mwayen mimimòm pou yo viv. Sepandan anpil moun nan popilasyon an, gen anpil enkyetid sou kalite dlo y’ap achte nan lari a.
Yon lòt kote anpil moun estime nou paka pale de biznis sachè dlo ak boutèy palstik san nou pa touche pwoblèm degradasyon anviwonman ki reprezante yon gwo menas pou planet tè a. Sitwayen sa yo pwofite okazyon an pou kritike moun nan popilasyon an ki pran plezi jete sachè ak boutèy plastik pasi pa la nan lari a, ki se de gwo pwazon pou anviwonman an.
Sitwayen sa yo kontinye pou di responsab konpayi k’ap pwodui dlo nan sachè ak boutèy plastik yo ta sipoze mete anplas strikti pou ede peyi a fè fas kare ak pwoblèm fatra, kote an majorite se sachè dlo ak boutèy plastik ki fè pil fatra yo.
Nap fini pou n’ di, yon moun ki pran inisyativ mete yon biznis sou pye gen plizyè objektif dèyè tèt li. Nap pran premyèman ladan yo, fè plis kòb pandan l’ap founi mwens sèvis; w’ ap jwenn tou, pote satisfaksyon a yon bezwen ke l’ idantifye kay yon gwoup moun, pou n’ site sa sèlman.
Sepandan, nan peyi ki gen leta responsab, ki la pou garanti sante, sekirite popilasyon l’, dirijan yo ap ba tèt yo obligasyon pou foure je gade sou kòman antrepriz yo ap fonksyone nan sistem ekonomik lan; veye sou kalite byen ak sèvis y’ap ofri popilasyon an.
Pa bò lakay anpil moun ap plenyen nan absans leta nan sans sa a, ki pa vrèman gen kontwòl sou ki kalite pwodui ak sèvis popilasyon an ap konsome.
Fredel Jean
Kondisyon yap vann pwodui alimantè yo nan Mache yo.
|